FLA tanmen semèn Syantifik Kreyolofoni 2025 pou mete lang ak kilti kreyòl an valè
- Alexandra LINDOR

- Oct 22
- 1 min read

Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ki fè pati Inivèsite Leta Ayiti (ILA), demare ofisyèlman Semèn Syantifik Kreyolofoni 2025 ayè madi 21 Oktòb la. Evènman an ap dewoule soti 21 pou rive 28 oktòb sou tèm "Lang ak kilti kreyòl : potansyèl ak nouvo pèspektiv.” Objektif la se mete limyè sou lang kreyòl la ak tout richès kiltirèl li yo atravè konferans, atelye, ekspozisyon ak aktivite kiltirèl.
Nan mesaj li pou lanse semèn nan, Dwayen FLA a, Wilhem Michel, mete aksan sou valè lang kreyòl la nan lavi pèp ayisyen an. Daprè li, kreyòl la se “espas memwa kolektif nou,” li jwe yon wòl san parèy nan jan pèp la panse, kominike ak reponn ak defi sosyal yo.
Malgre efò ki fèt, Dwayen an fè konnen lang lan kontinye ap goumen pou li jwenn plas li nan sistèm edikatif ak administratif peyi a. Li site egzanp diskriminasyon kont kreyòl ayisyen an tankou afich ki entèdi itilizasyon li nan kèk enstitisyon.
Anplis ouvèti a, plizyè lòt manm fakilte a te patisipe, tankou Jean Whig Noël (Vis Dwayen Akademik), Dr. Martineau Nelson (Vis Dwayen Rechèch), ak lòt pwofesè tankou Bonel Oxine, Louinès Volny ak Kensley Brutus. Yo tout mete aksan sou nesesite pou plis rechèch sou lang lan epi plis angajman pou li jwenn plas li nan tout domèn lavi nasyonal la.
FLA kontinye jwe yon wòl kle nan devlopman lang kreyòl la, atravè deskripsyon, planifikasyon ak ogmante nivo l. Semèn sa a se tankou yon apèl pou mete kreyòl ayisyen an nan sant konstriksyon sosyal ak politik Ayiti.
“Defann kreyòl, se defann diyite nou,”se pawòl ki te make fen seremoni ouvèti a.
Alexandra LINDOR





Comments