top of page

Estiwofòm, Yon pwoblèm sekirite Nasyonal daprè Kowòdinasyon Nasyonal Mouvman Sitwayen pou Klima ALTERNATIBA-HAÏTI

ree

Jou ki te dimanch 28 jiyè 2024 la, Kowòdinasyon Nasyonal Mouvman Nasyonal pou Klima, ALTERNATIBA-HAÏTI, soti yon nòt pou mete piblik la okouran de evalyasyon yo sou Jounen Mobilizasyon Nasyonal Sitwayen konnt Estwiwofwòm 10 jiyè ki sot pase a. 27 fanm ak 22 gason, se kantite moun ki te reyini pandan 3 jou, 26-28 jiyè nan Papay pou te fè evalyasyon sa a. Daprè konsta yo <<Estwiwofwòm se yon pwoblèm nasyonal leta dwe konbat >>.

 

Nan menm okazyon 28 jiyè sa a ki make 109 lane kòmansman okipasyon lavi politik ak ekonomik peyi a, yo te pwofite mete an piblik remak yo fè ; Entèdiksyon  Arete 10 jiyè 2023 la mete sou enpòtasyon, komèsyalizasyon, distribisyon ak itilizasyon tout pwodwi estwiwofwòm sou teritwa peyi a pandan yo mande leta pran mezi pou fè respekte sa tout kote. Estwiwofwòm fèt a baz molekil ki soti nan petwòl, sa ki rann li vin yon pwazon pou lasante. Epi inaktivite diferan sektè nan lavi nasyonal la tankou ladwàn, enpòtatè, founisè, envestisè ki lakoz divès kalite ensekirite ap fini ak pitit tè a.


Nan nòt sa, yo deklare :


1- Estiwofwòm se yon sous ensekirite pou anviwonnman ak lasante tout moun. Tout sitwayen responsab dwe rele koukouwouj dèyè tout pwodui estiwofwòm yo wè k ap layite nan espas kote y ap viv, kote y ap travay ak kote y ap pran plezi.

 

2- Administrasyon KPT-Conille lan gen nan misyon pou kwape tout kalite ensekirite epi koupe-fache ak tout politik machokèt lesegrennen, koripsyon, li dwe dekrete lapèmanans kont tout pwodui estiwofwòm yo nan kad batay kont ensekirite nan peyi a ;

 

3. Se pou Ladwàn pran bon jan mezi pou anpeche estiwofwòm rantre sou teritwa a menm jan ak tout pwodui fannfwa ilegal yo;

 

4 Se pou Sektė ekonomik la sispann patisipe nan operasyon kriminèl rantre pwodui estiwofwòm yo pou yo envesti nan lòtt pwodui anbwate ki respekte anviwonnman ak lasante.




Grégoisdon MILORD

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page