Yon festival mondyal nan peyi kenya pou selebre lyen ant ayiti ak lafrik
- Kendy CHERESTAL
- Aug 24, 2024
- 1 min read
Samdi 24 dawou 2024 la, peyi kenya òganize yon festival kiltirèl entènasyonal ki pote non « Harmony For Haïti Concert », nan vil Nairobi. Festival kiltirèl entènasyonal sa mete ansanm anpil kilti nan mond la pou eksprime solidarite ak Ayiti, pou montre lyen ki genyen ant Ayiti ak Lafrik, selon òganizatè yo.
Evènman sila akeyi atis ki soti Ayiti, woumani, repiblik kongo, etazini, somali, zimbabwe, liberiya, Burundi, wayòm ini, kenya, ak anpil lòt peyi ankò daprè sa minis afè etranjè peyi kenya, Doktè Korir Singoei fè konnen.
Nan pwogramasyon aktivite sila ministè afè etranje ak djaspora peyi Kenya òganize a, genyen konsè, ekspozisyon kiltirèl, bwase lide sou relasyon istorik ki gen ant ayiti ak lafrik, ak yon pyès teyat ki rele "Arise" ki eksprime rezilyans lakay ayisyen.
Ap gen yon podcast ki rele "A 4H" ki lanse tou pou diskite sou defi ak opòtinite ki genyen nan djaspora afrikèn nan.
Daprè minis afè etranje ak djaspora peyi kenya, Dr Korir singo, evènman sa se pou montre yon soutyen fò ak Ayiti pandan y ap selebre kilti li, epi se yon demonstrasyon angajman an favè pwogrè peyi dayiti ak lyen kiltirel li ak Lafrik.
Kendy CHERESTAL






Comments