top of page

Lansman dezyèm edisyon “Vivre en prose et en poesie”

ree

 













Òganizasyon "Salon du livre" ap òganize dezyèm edisyon "Vivre en prose et en poesie" nan sant kiltirèl Pye Poudre ki sou wout boudon an. Emanuel Pacorme, youn nan manb fondatè evènman sa fè konnen se yon aktivite k ap fèt jou k ap 27 jiyè 2024 la, soti 9h nan maten pou rive 2h nan aprè midi anba tèm "Un pays qui nous habite".


Se yon jounen ki pral kòmanse ak yon ti bat bouch sou woman "L'autre face de la mer" Louis Phillipe Dalembert ekri. Ti kozri sa pral anime ak kritik literè Carl Henry Pierre, Dakovens Paulain, Pierre Paul Mary, ki se etidyan nan inivèsite Leta a, selon sa Pacorme fè konnen.


Malgre volonte ki genyen pou aktivite an fèt, pa gen okenn sipò finansye ki rive jwenn òganizatè yo. Men òganizasyon an ap kontinye prepare l pou ofri piblik la yon moman inoubliyab ak yon pwogramasyon ki gen ladan l anpil jèn talan nan: Rap, Slam, dans folklorik, griyen dan, ak penti, nan sousi pou fè pwomosyon, selebre richès kiltirèl ak atistik peyi a ak jèn yo, toujou selon sa Pacorme fè konnen!


Kendy CHERESTAL

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page