top of page

Fabienne Colas resevwa meday kouwònman CHARLES III nan peyi Kanada

ree

Aktris ayisyèn Fabienne Colas resevwa meday kouwònman Wa CHARLES III, vandredi 20 septanm 2024 la, nan peyi kanada pou kontribisyon li nan kominote kebekwaz la ak kanadyèn nan.


Nan yon seremoni ki dewoule nan sena a nan prezans senatris endepandant Amina Gerba ak reprezantan wa angletè a, Greg Peters, remiz meday sa fèt antanke yon evènman ki gen objektif selebre kanadyen ki gen enpak siyifikatif sou kominote a pandan li ranfòse vizibilite peyi kanada nan entènasyonal la.


“Le vendredi 20 septembre dernier, j'ai eu l’honneur de remettre, dans la Chambre du Sénat, les médailles du couronnement du Roi Charles III à 17 récipiendaires distingués du Québec. Cette médaille récompense ceux qui ont apporté une contribution significative à leur communauté ou à leur province, ainsi que ceux qui ont aidé à promouvoir le Canada à l’échelle mondiale. Les candidatures ont été recommandées par des membres de la communauté et des organisations communautaires. Félicitations à tous les récipiendaires !”. Se deklarasyon senatris Amina Gerba fè sou kont ofisyèl X li apre remiz meday la.


Apre li fin resevwa meday la, Fabienne Colas deklare sou kont ofisyèl X li, n ap site :

“C'est un immense honneur de recevoir la Médaille du couronnement du Roi Charles III (20 septembre 2024) à l'occasion de la cérémonie de remise des médailles, en reconnaissance de mes contributions importantes à ma communauté, au Québec et au Canada, ainsi que de ma contribution à l'amélioration de la présence du Canada sur la scène mondiale.


Raple nou, meday kouwònman CHARLES III a se yon meday komemoratif ki kreye nan lane 2023 pou make kouwònman wa CHALES III ak Camilla Shand kòm wa ak rèn  wayòm ini ak  lòt Wayòm Commonwealth yo. Pou yon moun gen meday sa, li sipoze gen kontribisyon l nan peyi kanada, swa nan yon pwovens, swa nan yon vil, oubyen akonpli nan peyi etranje yo, yon reyalizasyon eksepsyonèl ki fè lonè peyi kanada.


Kendy CHERESTAL


1 Comment

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
kendycherestal509
Oct 03, 2024
Rated 5 out of 5 stars.

Bon travay!

Like
bottom of page