top of page

Beven Slameur kalifye pou final World Poetry Slam Championship la, yon gwo pa nan listwa slam ayisyen an

 

Beaubrun Youven, eslamè ayisyen ki gen non sèn "BEVENSLAMEUR", franchi yon etap enpòtan nan karyè eslam li ak nan listwa slam ayisyen an. Li kalifye pou final nan World Poetry Slam Championship (WPSC) 2024, yon evènman kiltirèl k ap dewoule TOGO soti 12 pou rive 18 novanm 2024.


Ak sijè inivèsèl ki touche tèm tankou chanjman klimatik, gè, lapè, Bevenslameur kenbe pakou li nan konpetisyon an ak tèks ki gen anpil fòs. Kalifikasyon li make yon etap istorik pou peyi dayiti ki potko janm rive nan yon nivo konsa ak domèn slam nan.


Byenke sitiyasyon yo pa reponn nan fason pou preparasyon pou final la fèt, Bevenslamè ap prepare l ak konfyans pou al pran meday la jou k ap 16 novanm 2024 la a 13h30 (lè ayiti a). "Ayiti devan, se pou listwa ak lanmou slam nan", se ak pawòl sa eslamè kalifye pou final la montre li detèmine pou li fè peyi a briye nan konpetisyon an.


Kendy CHERESTAL


1 Comment

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Guest
Nov 19, 2024
Rated 5 out of 5 stars.

Good

Like
bottom of page