15 oktòb 2022 - 15 oktòb 2024, 2 lane depi Mikaben kite nou
- Kendy CHERESTAL
- Oct 16, 2024
- 1 min read

15 oktòb 2022, 15 oktòb 2024, bay 2 lane depi chantè ayisyen an Mickael Benjamin (Mikaben) antame yon vwayaj san bout apre li te fin tonbe sou sèn Akò Arena nan peyi lafrans akoz yon malèz pandan li t ap pèfòme ak yon drapo peyi l sou do l.
Atis Mikaben ki te fè nonl nan endistri mizikal asyisyen an, pati pou peyi san chapo kite 3 pitit, madanm li ak eritaj mizikal li dèyè do l. Yon gwo diskisyon ant fanmi defen an ak kèk gwoup moun ta pral viral sou preske tout rezo sosyal yo, kote gen gwoup moun ki ta pral ranmase lajan sou non defen Mikaben pou bay fanmi an pandan okenn detay pat bay aklè sou dosye sila. Yon pwoblèm ki te kreye pale anpil menm nan mitan kominote mizikal ayisyen an.
Pou raple dat vwayaj gran nanm sila ak pou antre dat la nan koutim selebrasyon nou, Mikaben Pwodiksyon ak kèk lòt akolit, deside òganize yon konsè nan dat mèkredi 16 oktob 2024 la anba tèm "Limyè pou Mikaben, Lapè pou ayiti". Ak yon line-up ki chaje atis k ap gen pou pèfòme. Òganizatè yo ap louvri pòt El Rancho pou piblik defen an vin montre lanmou yo te gen pou li.
Kendy CHERESTAL





RIP Mika!